Nan 2023, madanm mwen Joelinda ak mwen mem te demenaje al rete nan Milton - nan kwen Oak ak Blue Hill Ave. Menm avan nou te rive ak bwat nou yo ak dra nou yo, Milton te deja yon pati de nou mem. Anpil nan fanmi Joelinda yo gen kont tenm nan kominote Milton. Li genyen anpil bon souvni viz a vi Cheever Street. Kom m’te mennaj li mwen mem, m’genyen sitou bon souvni de manje yo te kwit sou Canton Ave pou vakans yo.

Anpil privilej pou nou pas ke nou pre fanmi. Non seulman sa; jenerozite kominote a te etone nou. Envan two lontenm Milton te santi tankou lakay.

Eksperyans nou nan mache lojman zon Boston (kom oun fanmi ki nan mitan 30 ane nou) e kom yon pwopriyete prive, mwen te fe pati de konvesasyon alantou MBTA Communities Act nan. Mwen te we kek nan barye yo ke anpil moun rankontre pou juste cheche yon kote pou viv ou mete rasin. M’supote fotman devlopman dirab ki bay opotinite, ekite, ak grandisman ekonomik pandan kembe tout sa ki espesyal pa rapor a Milton.

Pandan m’te angaje nan kesyon sa, mwen te rankontre anpil moun ki ap travay di pou kominote nou an. Avek ankourajman anpil moun, mwen te deside kouri pou youn place nan Town Meeting! Imel sa sevi pou anonse ofisyelman kanpay mwen!

Mwen travay nan domèn ansèyman ak aprantisaj, ki se pasyon lavi mwen. Mwen se yon designer aprantisaj (yon moun ki travay nan kwa chemen aprantisaj ak teknoloji!) nan Boston College, kote mwen tou se yon pwofesè a tan pasyèl. Mwen tou fè volontarya ak òganizasyon ki edike kominote yo sou sijè sosyal ak politik enpòtan, e menm itilize tan lib mwen pou devlope kontni edikatif sou sijè ke mwen jwenn enpòtan pou pataje ak lòt moun. Malgre sa ka pa fè pati de yon background ki pi konvansyonèl pou lidèchip kominotè, mwen kwè pasyon mwen yo ap fè mwen yon Manm Reyinyon Vil efikas.

Mwen travay eksepsyonèlman di pou aprann, koute, e konprann tout pèspektiv ak imilite ak kiryozite. Mwen fè rechèch apwofondi sou tout kesyon pou pran desizyon responsab e enfòme. Mwen kwè nan ranfòsman moun y'ap chèche enfòmasyon aksesib konsa yo santi yo ekipe pou patisipe nan konvèsasyon enpòtan. Mwen pral pote konpetans sa yo nan kominote nou an kòm yon patnè anpatik e ki bay sipò.

Mwen eksite pou opotinite pou sevi vil nou an, epi rantre nan travay pou lojman abodab, jistis rasyal, sekirite trafik ( sitou otou lekol noy yo!), ak lot pwoblem enpotan pou mwen ak sa ki kritik pou katye Precinct 10 nou yo ak vil nou.

Tanpri konsidere transfere sa bay yon zanmi! Yo ka rantre non list imel mwen an le yo klike sou bouton ki anba.

Creole Campaign banner.png